.
.
.
Etidye lakay ou
Jwenn yon fòmasyon ke'w renmen jodia, ke'w wap ka regade san limit, san entènèt, san'w pa riske vi'w nan moman ensekirite ak kidnaping sa ke n'ap viv la
.
Opòtinite nou ofri'w
Fòmasyon yo anliy
Disponib nenpòt kote'w ye nan mond lan, e wap toujou gen aksè ak fòmasyon'w te swiv yo, menm siw telefòn ou ta pèdi.
Pwofesè eksperimante
Eksplwate eksperyans tout pwofesyonèl ke pi gwo antrepriz yo nan peyi a fè konfyans, pou asire patrimwàn yo.
Asistans a vi
Nou fòme yon fanmi pou'n ede tout etidyan. Kominote nou an la, pou reponn tout kesyon ak pwoblèm ou ka andire nan fòmasyon'n yo.
.
.
.
Fèt an kreyòl,
pou kreyòl
Fòmasyon yo fèt nan lang manman'n ak papa'n, pa gen pi bon mwayen pou apran'n, ke lè'n aprann nan lang zansèt nou yo. An'n moutre ke lang nou an se pi gwo zam nou. An'n aprann an kreyòl pou'n fè respekte nou kòm pwofesyonèl ayisyen.
.
15
Pwofesè
61
Etidyan
27+
Fòmasyon ak egzamen
Dènye fòmasyon yo
Nou chwazi denyè fòmasyon sa yo pou ou, selon demand ak entèraksyon etidyan yo sou platfòm nan.
Aprann itilize yon odinatè tankou yon geek
Jodia, li preske enposib pou fonksyone san odinatè, men de jou an jou tout bagay ap enfomatize, eske'w vle pran tren sa? Oubyen wap ret gade toujou...
Aprann fè aplikasyon pou android ak iphone
Ou te toujou ap mande, kòman yo fè sit wèb oubyen aplikasyon mobil, oubyen wap mande kòman fè moun ki konsevwa aplikasyon fè toujou ap fè kòb...
Metrize Adobe Photoshop, pou'w kreye idantite vizyèl
Branding ak maketin, se pi bon zanmi biznis ou, vin aprann itlize yon lojsyèl pou fè flyer, kat de vizit, almanak ak tout lòt tip enpresyon pou biznis...
Pwofesè Noukode yo
Nou melanje konpetans ak eskperyans, pou'n pataje moso konsesans, ak sila ki pa gen gwo mwayen pou fè etid nan gwo inivèsite
Ashley AMITIÉ
Foulstak Devlopè
Richard FRITZNER
Grafis | Ilistratè
Julio JEAN-FILS
Devlopè Mobil Senyò
Al telechaje kounya
Aplikasyon NouKode
Disponib sou PlayStore, pou swiv tout fòmasyon prefere'w yo, sou nenpòt aparèy Android. Telechaje leson fòmasyon'w yo, pou lè entènet ou ap mal mache, nenpòt kote, nenpòt kilè, menm si ou an deplasman avèk aplikasyon NouKode a.
DISPONIB SOU
Google Play
Kèk temwanyaj etidyan sou fòmasyon NouKode yo
Nou chwazi fòme ak pataje eksperyans nou ak etidyan nou yo, pou yo pa rekòmanse, yo dwe pito kontinye kote granmoun yo te rive a. Si nou chak ap rekòmanse, nou pap janm ka rive pi lwen. An'n ba yo yon achiv pou yo jwenn pou yo eksplwate... An'n tande yo ka'p di sa yo panse.
Amedée
Kwadèboukè
Map feliste tout ekip la, e map felisite tout amelyorasyon ki vin genyen sou platfòm nan. Mèsi, se pi bèl eksperyans mwen nan swiv fòmasyon an liy
Frantzy
Delma
Malgre, mte toujou wè enfòmatik kòm yon obi, mwen pat janm panse ke'm tap goumen osi dur poum kenbe rèv pou'm vin devlopè frilans lan. Mesye, mèsi pou travay sa.
Djennie-Flore
Okap
Youn nan bagay ki te choke'm, se nivo kalite sevis la, kote mte gen plize èd-fomatè kap gidem a chak etap nan aprantisaj mwen. Mesye c du jamais vu...
Erwin
Kanape vè
Mesye, mwen fini ak fòmasyon an, mwen stil pa ka konprann kòman'm fè ka fè yon sit web nan tikal tan sa. Menm lè li difisil mesye, travay pou'n mete plis fòmasyon mesye. Felisitasyon
Eske'w prè pou mete
yon fòmasyon sou NouKode?
.